Home » Dokimantè » Konstriksyon syèj sosyal BRH

Konstriksyon syèj sosyal BRH

Nan kòmansman twazyèm milenè a, Bank Repiblik Dayiti (BRH) te pran desizyon rebati lokal li genyen nan kapital la Pòtoprens ak nan dezyèm vil peyi a Okap. Se konpani Bouygues Construction ki te responsab gwo chantye sila yo. Malgre nan epòk la te gen anpil kritik paske travay sa yo te gen anpil anbisyon epi yo te koute chè, yo ta pral jwenn jistis yo 12 janvye 2010 lè yon gwo tranblemantè te frape Pòtoprens epi kraze tout anba lavil pandan li kite sèlman kèk grenn kay kanpe, pami yo gwo bilding BRH la.

Ajoute yon kòmantè

Nou pa p pibliye adrès imel ou. Kazye obligatwa yo make *