Totalman! Yon oditè sètifye PCI te odite konpani ki trete peman sou kat kredi yo epi li te jwenn sètifikasyon pou bay sèvis PCI nivo 1 ki se pi gwo nivo disponib nan moman an. Nou aplike protokòl HTTPS pou tout enfòmasyon sansib ki sou FilmHaiti.com, sa vle di sou sit wèb ki piblik la, sou pwosesis peman an epi sou paj kont itilizatè yo. Paypal disponib tou kòm opsyon pou peye.
Se yon bagay ki vrèman fasil!
Ale sou paj videyo pwodwi ou ta renmen lwe a.
1. Klike sou bouton RENT.
2. Konekte oswa enskri si se premye fwa wap lwe.
3. Seleksyone opsyon lokasyon ou chwazi a.
4. Antre enfòmasyon kat krediw oswa sèvi ak Paypal. Nou aksepte tout gwo kat debi ak kredi.
5. Yon fwa pwosesis la fini, ou kapab kòmanse gade menm kote a.
Nòmalman ou gen 3 jou pouw gade yon fim ou lwe. Siw chwazi lwe yon pake, yap pwopozew yon semenn oswa plis. Pandan dire lokasyon an ou ka gade fim yo kantite fwa ou vle.
Tout videyo ki nan seksyon Premium FilmHaiti.com yo sèvi ak yon teknoloji ki rele difizyon kontini adaptif. Teknoloji sa divize videyo a an yon pakèt ti bout ki pi piti. Lektè a jwe ti bout sa yo youn apre lòt nan moman wap gade videyo a.
Nou prepare plizyè vèsyon videyo a epi lektè a chwazi poukont li pi bon kalite ki posib daprè kalite koneksyon rezo a, kapasite grafik aparèy kap li a epi gwosè lektè a. Depi fichye orijinal la ak kontèks afichaj la otorize sa, nou kapab gade videyo yo nan rezolisyon ki rive jouk 1080p. (Nou espere nap kapab ofri yon jou pi gwo kalite tankou 4K.)
Nou toujou konprese videyo yo ak yon kalite ki siperyè ak sa yo fè jeneralman paske nou kwè nan kalite anpil. Chak rezolisyon nou konprese gen yon limit ki pèmèt li jwe dous sou entènèt. Limit sa yo koresponn a ekzijans debi ki genyen pou chak kalite vizyalizasyon. Pa ekzanp, pou debi videyo 1080p yo, nou bloke yo a 5 Mbps, sa ki pi wo anpil pase sa lòt sèvis pwopoze.
Pou odyo, nou konprese ak 2 kanal estereyo. Nou toujou konprese son a 256 Kb / s men si koneksyon entènèt la pa bezwen tout debi sa, lektè a ap bay sa ki sifizan dapre konfigirasyon paw.
Nou regrèt ou gen pwoblèm! Men yon lis solisyon ki ka edew rezoud difikilte lekti sa yo:
- Asirew koneksyon entènèt ou rapid epi estab.
- Eseye aktyalize navigatè ou oswa sèvi ak yon navigatè modèn tankou Google Chrome, Firefox oswa Safari.
- Redemare routè san fil ou, modèm ou oswa aparèy iOS oswa Android ou ( si ou sou mobil).
- Siw kontinye gen difikilte lekti, kontakte nou pandan wap ba nou tout enfòmasyon ki dekri pwoblèm la.
Men kijan ou ka kontwole volim nan lektè videyo wèb la:
- Mete kisè souri a sou videyo wap gade a pou kontwòl videyo yo ka parèt.
- Akote bouton Lekti oswa Poz wap wè yon ti desen opalè ak yon kisè sou kotel.
- Pou kontwole volim la, glise kisè sa a dwat oswa a goch.
- Siw vle koupe son an nèt, wap klike sou desen opalè a. Klike ankò pouw fè son an tounen.
Klike sou ti desen CC ki nan lektè a, opsyon lang yo ap dewoule epi wap ka chwazi lang ou vle a. Soutit yo ap parèt nan lektè a.