Home » FAQs » FAQ - Kreyòl » Gade fim yo » Lekti videyo

Lekti videyo

Tout videyo ki nan seksyon Premium FilmHaiti.com yo sèvi ak yon teknoloji ki rele difizyon kontini adaptif. Teknoloji sa divize videyo a an yon pakèt ti bout ki pi piti. Lektè a jwe ti bout sa yo youn apre lòt nan moman w ap gade videyo a.

Nou prepare plizyè vèsyon videyo a epi lektè a chwazi poukont li pi bon kalite ki posib daprè kalite koneksyon rezo a, kapasite grafik aparèy k ap li a epi gwosè lektè a. Depi fichye orijinal la ak kontèks afichaj la otorize sa, nou kapab gade videyo yo nan rezolisyon ki rive jouk 4K (sa depann de konteni an).

Nou toujou konprese videyo yo ak yon kalite ki siperyè ak sa yo fè jeneralman paske nou kwè nan kalite anpil. Chak rezolisyon nou konprese gen yon limit ki pèmèt li jwe dous sou entènèt. Limit sa yo koresponn a ekzijans debi ki genyen pou chak kalite vizyalizasyon. Pa ekzanp, pou debi videyo 1080p yo, nou bloke yo a 5 Mbps, sa ki pi wo anpil pase sa lòt sèvis pwopoze.

Pou odyo, nou konprese ak 2 kanal estereyo. Nou toujou konprese son a 256 Kb / s men si koneksyon entènèt la pa bezwen tout debi sa, lektè a ap bay sa ki sifizan daprè konfigirasyon pa w.

Add comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *