Home » Dokimantè » Listwa lavi Alexandra nan Kafoufèy (Divèsite ak tolerans)

Listwa lavi Alexandra nan Kafoufèy (Divèsite ak tolerans)


Omofobi se yon maladi inyorans ki konn rive touye moun. Alexandra se yon jèn omoseksyèl k ap viv nan yon katye popilè Pòtoprens. L ap siviv pandan l ap pran kout baton nan men jèn gason e pandan li jwenn pwoteksyon nan men jèn fi ki apresye konpani li.

3 kòmantè

Nou pa p pibliye adrès imel ou. Kazye obligatwa yo make *

  • Gen tout kalite moun k ap li kontni sou entènèt. Ou ka jwenn moun ki gen gwo nivo menm jan w ka jwenn moun ki nivo entèlektyèl yo pa wo. Ki objektif dokimantè sa? Rakonte Istwa lavi Sandra nan Kafoufèy oubyen montre jan yon jenn gason pa vle wè masisi? Jenn gason an pale plis ke Sandra, anplis pa menm sou lavi Sandra. M fin gade dokimantè a, m pa konnen si Sandra te lekòl, ki kote l rive lekòl, kisa l fè pou l viv oubyen èske penyen se youn nan aktivite pou l fè kòb. Efektivman pèsepsyon moun nan kominote a enpòtan, se sa k fè n te dwe jwenn lòt moun ki sipòte Sandra e ki gen menm tan lapawòl ak jenn gason an nan sousi divèsite ak tolerans.
    Finalman, m retni jan moun Ayiti pa aksepte divèsite epi pa toleran, y ap bat masisi epi menm prè pou touye yo. Men tou jan menm moun sa yo ipokrit paske yo konn tcheke masisi a pou gen rapò ankachèt. Men m pa wè istwa lavi Sandra nan kafoufèy.

    • Klin
      Bagay la etone m tou
      Rayiman ak entolerans endividi omofòb la fè plis eko pase travay yo ta sipoze pote sou lavi sitwayen/èn lan..

  • tout moun gen opinyon payo, pou mwen sa pap deranjem si yn moun omoseksye (masisi, madivin) men mwen pap konsederel kom zanmi, li mèt zanmim depil rive nan pozisyon sa map detachem de li men mw pap ni jourel ni ap nwil nan lari