Dokimantè sa rakonte istwa 3 fanm Ayisyèn ki gen pwofil trè diferan. Dabò gen Jocelyne Pierre-Louis, yon fanm ki fèt tou Madan Sara e ki se prezidant yon asosiyasyon ki regwoupe medam djanm sa yo. Aprèsa gen Delphine Gardère, ki soti nan yon gwo fanmi antreprenè e ki ap dirije sosyete ronm Barbancourt. Finalman gen Marie Yolaine Philippeau, ki foure kò l byen fon nan politik e ki se majistra ti komin Lavale Jakmèl. Malgre diferans yo, medam sa yo te konfwonte ak menm obstak sosyete a mete anfas yo poutèt sèks yo. Yon fim Richard Sénécal.

Add comment