FilmHaiti.com » Blog Archive » Boukman Eksperyans - “Kèm pa sote”
Play this video

Piblisite

Boukman Eksperyans se yon gwoup lejandè ki fè pati mouvman rasin la. Chante sa se premye mizik kanaval yo, premye avan yon pakèt lòt. Anplis si nou ta dwe chwazi pi bon mizik kanaval ki janm fèt, mizik sa tap nan batay e li ta ka menm genyen. Li posib ke video sa se premye video mizik kanaval Ayisyen. Dayè li pat filme kòm video men pito kòm yon ti moso yon emisyon ki te rele Fashion ki te pase pandan yon dezan konsa sou televizyon nasyonal peyi Dayiti. Se gras a popilarite mizik la ke li te soti nan pwogram la pou li tounen yon it ke pèsonn pap janm bliye.

Atansyon: nou mete video sa pase se yon dokiman achiv. Eskize kalite a.

Reyalize pa Jean-Pierre Brax ak Richard Senecal / Fashion / 1990

7 Responses to “Boukman Eksperyans - “Kèm pa sote””

  1. brax Says:

    Mesi empil pou video sa. Sam fe plezi empil.
    Poukisa ou pa mete “Mon Colonel”, youn video mwen te realize pou Michel Martelly ?

  2. katiana judlie sam Says:

    I like the video

  3. katiana judlie sam Says:

    I never that betiful video befor is so cool this video

  4. katiana judlie sam Says:

    yo fin dechanin lan video a

  5. katiana judlie sam Says:

    Boukman ou bienfe video a pou tout staf yo

  6. dyonn Says:

    These guys always do good music we like it from jamaica

  7. evelyne pierrot Says:

    Génial de les revoir,
    Je les ai connu en Guadeloupe en 2003 … supers zicos et super humain …

Leave a Reply