FilmHaiti.com » Blog Archive » Majik Oloffson

Oloffson se siman otèl ki pi selèb nan Pòtoprens, kapital peyi Dayiti. Pa gen lòt kote konsa e li majik tou. Depi li ekziste ansyen gwo kay fanmi sa ki bati ak yon achitekti “gingerbread” te resevwa anpil gwo vizitè, atis, jounalis. Womansye Graham Greene te fèl tounen dekò youn nan gwo woman li yo : “Komedyen yo”. Jodi a se Richard Morse ki jere otèl la, li se fondatè gwoup RAM ki konn jwe la trè souvan.

Nan fim sa Richard Senecal rakonte yon moman li pase nan otèl la. Li pa sèlman prezante bèl achitekti kay la men li fè nou antre tou nan anbyans sa ki espesyal e preske mistik.

Reyalize pa Richard Senecal, 2011.

Komante

komante

3 Archived Responses to “Majik Oloffson”

  1. nadine Andre Says:

    Tres jolie,j’aimerais bien y sejourne un de ces quatres

  2. nazaire herby Says:

    felicitation pour cet hotel c’est le plus beau hotel en haiti

  3. menard frantz Says:

    OK

Rekomandasyon