FilmHaiti.com » Blog Archive » Pandan map filme Santiago…

Santiago de los Caballeros se dezyèm pi gwo vil nan Repiblik Dominikenn. Pandan li chita nan vale Cibao, li se kote tradisyon rankontre ak modènite. Malgre se pa fin yon vil touristik li gen anpil kote ak imaj enteresan. Ti tès video sa te filme nan kad pi laj tounaj yon dokimantè sou lavi etidyan ayisyen ki prezan anpil nan vil la.

Reyalize pa Richard Senecal.

Komante

komante

3 Archived Responses to “Pandan map filme Santiago…”

  1. 100%haitien Says:

    santiago se yon belle ville vre.
    men kijan fe sou yon site ki rele filmhaiti.com se publicite nap fe pou dominicain? eske pa gen belle ville Haiti tou ke tout moun ta renmen konnen?

    si nap mete ville dominicain, fok nou ta mete yon ville haiti tou. just pou ekilibre

  2. admin Says:

    Nou menm sou sit sa nou eseye kenbe lespri nou louvri.Nou pa ret bloke nan yon bann ansyen reflèks ki fè Ayisyen pa ka vanse. Nou mete ti dokiman sa sou Santiago pase nou panse se yon vil ki gen anpil Ayisyen ladann. Nou metel tou pase moun ki reyalize ti fim sa se yon Ayisyen li ye.

    Si ou vle wè vil Ayisyen men kèk echantiyon wap jwenn sou menm sit sa. Chaje lòt.

    http://filmhaiti.com/ht/featured/haitian-heritagehaiti-patrimoinepatrimwann-ayiti/
    http://filmhaiti.com/ht/video/commercials/cap-haitian-1cap-haitien-1okap-1/
    http://filmhaiti.com/ht/video/commercials/fort-libertyfort-libertefolibete/
    http://filmhaiti.com/ht/video/commercials/mole-saint-nicolasmole-saint-nicolasmol-sen-nikola/

  3. gagou Says:

    Jan Dominiken pa vlé wè Haitien epi nap adoré yo konsa, tout peyi fè yon jan pou yo bay jeunes yo edikasyion mè fò haitiens al etidyé st Doming, epi dominiken ap tiyé yo yap vyiolé yo, mwen pap janm mete pyém st Doming

Rekomandasyon