FilmHaiti.com » Atik

Piblisite pa ou sou FilmHaiti.com

Posted on: 20:08
2 comments so far (is that a lot?)

FilmHaiti.com se jòdi a sèl sit entènèt ki pèmèt ou gade gratis plizyè santèn fim ak videyo orijinal ayisyen an franse, angle ak kreyòl.

Gras ak yon politik nouvo pwogram san rete ki gen sitou fim kout, dokimantè, fiksyon, popilarite sit la pa sispann ogmante e li atire kounyea chak jou plizyè santèn moun ki sitou ap viv nan Etazini, Kanada, an Frans, nan Repiblik Dominikèn, an Ayiti ak nan Karayib la.

Nou afiche kounyea plis pase 400000 reklam chak mwa (chif oktòb 2011) nan diferan fòma tankou tèks, drapo grafik, videyo Nou te mennen kanpay ak siksè pou pi gwo mak ak antrepriz yo. Pami moun ki chwazi nou pou pase piblisite yo genyen kliyan tankou Google, Amazon, Skype, B & H, Ezetop, elatriye ….. Nou ofri trafik nou koulye bay kliyan lokal.

Nou vle travay sitou ak mak ak biznis ki vle vann oswa amelyore imaj (branding), epi moun ki ta vle pwopoze sèvis yo oswa pwodwi nan piblik-sib byen presi (targeting). Tout sa ak tarif konpetitif epi apwopriye pou ekonomi ayisyen an.

Pou plis enfòmasyon sou òf ak tarif yo: +1 (201) 984-7339 oswa admin@filmhaiti.com

Plis fim ayisyen nan lane 2011?

Posted on: 10:28
Comments are off for this post

Nou salye tout vizitè FilmHaiti.com.

2010 te yon lane terib pou preske tout Ayisyen. Peyi a te viv anpil katastwòf natirèl ak pwoblèm politik. Se te tou yon move lane pou pwodiksyon fim. Pat gen okenn gwo reyalizasyon e se tout endistri a ki ralanti. Kòm konsekans nou pat kapab aktiyalize sit la jan nou ta vlel la.

Pandan nap swete tout moun yon bon lane, nap pwofite renouvle angajman nou pou nou ofri materyèl bon kalite sou sit la. Nou toujou rete sous ki gen plis varyete fim ak video ayisyen sou net la.

Bon lane.

Replik

Posted on: 08:36
No comments yet

Tout moun ki vizite souvan sit sa pa manke remake pa gen okenn chanjman ki fèt depi nou te selebre premye anivèsè nou e depi ti modifikasyon nou te fè lè sa sou Filmhaiti.com. Pa gen okenn nouvo video, okenn nouvo fim. Nou tout konnen 12 janvye 2010 yon tranbleman tè te mete plat atè kapital peyi Dayiti Pòtoprens. Tankou plizyè milye lòt moun nou te sinistre tou. Malgre okenn nan nou pat pèdi lavi, nou fè anpil pèt nan materyèl : lokal nou ki sakaje, ekipman ak achiv ki andomaje. Sit entenèt la te rete aktif men nou pa kapab mete nouvo materyèl sou li menm jan nou te konn fèl avan. 100 jou apre deblozay la nap eseye reprann men sa pwal pran tan e lap difisil tou.

Nou dwe remèsye tout sila ki ak don yo te soutni nou nan moman difisil sa yo. Plis ke avan don sa yo menm si yo piti vin nesesè. Avan katastròf la nou te mete vyann nan kategori fim fiksyon nou a e nou te pwomèt anpil nouvote pou ane kap vini a. Nou te anvisaje tou pwodwi fim ak video espesyalman pou sit la. Plan sa ka bwè dlo si nou pa rive finansel. Reklam yo pèmèt nou ret prezan sou nèt la men yo paka poukont yo pèmèt nou devlope. Si nou panse ke pwojè sa merite ke nou apiyel, fè ti jès sa ki ap pèmèt li vanse. Nap jwenn yon fòmilè pou fè don nan fen chak grenn nan video nou yo. Nou ka tou pou sipòte nou achte youn nan divès pwodwi ki disponib nan magazen nou a.

Nan yon lòt aspè nou aprann ke kèk nan vizitè nou yo (yon minorite) gen pwoblèm pou yo vizyone video nou yo. Solisyon an pwal vini prese prese. Nan moman an yo ka toujou eseye sèvi ak yon lòt navigatè pou yo monte sou sit la. Pa bliye pataje video ak fim nou renmen yo ak zanmi ak konesans nou genyen sou sit sosyal tankou Facebook, Myspace, ak Tweeter. Gen anpil zouti sou chak paj video pou fasilite nou.

Nou redi yon fwa ankò nou dispoze sèvi nou ak tout kè nou menm nan moman difisil. Ak èd nou, nap kontinye vanse.

FilmHaiti.com premye anivèsè

Posted on: 09:53
3 comments so far (is that a lot?)

Alòs premye janvye 2010 la make kòmansman ane a ak tou kòmansman yon lòt deseni, li make tou premye anivèsè sit sa. Sa fè sèlman yon lane nou te lanse FilmHaiti.com san bri ni twonpèt men ak anpil anbisyon ak rèv. Lè sa nou te konsevwa li tankou yon senp platfòm pou prezante achiv ke konpani Video Plus Productions ak Imagine Haiti te akimile pandan plizyè lane men pwojè a te depase objektif sila malgre nou te kontinye kenbe angajman sa. Sit la ofri kounye a yon imaj miltimedia peyi Dayiti a travè divès kategori ki soti nan fim fiksyon rive nan ti fim piblisitè 15 segond pandan lap pase nan fim dokimantè, ti fim kout ak video mizik.

Kantite vizitè a pa sispann ogmante. Yo te plis pase 12000 ki vizite sit la nan mwa desanm sa pandan yo te gade fim yo preske 28000 fwa. Vizitè nou yo soti pou pi fò nan dyaspora ayisyen kap viv Etazini ak Kanada. Ak siksè sa, nou vin gen plis bezwen tou. Sèvè nou yo dwe gen kapasite pou bay plizyè jigabit chak mwa e yo dwe tou sèvi kliyan ki soti tout kote sou latè a.

Nan lane 2010 nou pwal angrese kèk kategori ki piti toujou tankou kategori fim fiksyon an. Nou pwal pwodwi kèk fim (sitou dokimantè ak fim kout) espesyalmann pou sit la e nap kapab wè yo sèlman isit la.

FilmHaiti.com ofri vizitè li yo fim ki orijinal, ki varye e ki gratis sa ki mande enplikasyon anpil resous materyèl ak moun. Nap fè sa nou kapab pou nou toujou kontinye wè tout fim yo gratis. Men fòk nou di tou ke kanpay donasyon nou a pat bay gwo rezilta nan lane ki sot pase a. Konsekans la se ke nap blije kenbe piblisite yo sou site la ane sa e yo kapab menm ogmante. Nou ta pito ke kontribisyon pa nou anpeche nou rive la.

Tout jan nap kenbe angajman nou pou nou mache ansanm ak fim ki, nou espere sa, ak kapab nan menm okazyonn an fè nou plezi epi edike nou.

Pataje video yo.

Posted on: 01:05
4 comments so far (is that a lot?)

Nou mete sou sit la video ak fim ke nou panse wap renmen. Ou kapab fè fanmiw ak zanmiw pwofite de sa, swa pandan wap voye yon lyen ba yo, swa pandan wap pataje ou byen wap mete direkteman fimou pi renmen yo yo sou paj Facebook, hi5, Myspace ou, oswa sou blòg ou.

Pou fè sa, ale senpman sou paj video ou vle pataje a epi klike sou lyen Share This Video. Yap pwopozew anpil opsyon ke ou ka klike e ki ap mennenw sou paj blòg oswa paj sosyal ou kote wap ka fini fè pataj la.

Oswa tou ou ka klike sou lyen Embed This Video. Wap jwenn yon kòd. Pran prekosyon ke ou seleksyone tout ak yon klik dwat epi ke ou kopyel. Apre sa ou ka kole li sou nenpòt ki paj entènet ki bon pou sa (tankou hi5) e video a ap parèt sou paj sa.

Pou pi senp, si ou renmen yon video oswa tout sit la, kopye lyen an epi voye li sou imel bay zanmi ou. Epi pa bliye fè kòmantè epi bay pwen pou video ke ou renmen e ou menm mèt kritike sa ou pa renmen.

Kòmante video yo.

Posted on: 21:43
1 comment so far

Objektif nou lè nou kòmanse pwojè sa se te mete sou nèt la yon pati nan achiv nou yo. Nan anpil pwen, se yon siksè. Ak plis vizitè chak jou, ak plis video e plis ankò kap vini, nou gen anbisyon pou nou tounen pi gwo sit Ayisyen video lèw mande.

Men nou ka toujou amelyore. Nou remake ke nou pa fè anpil kòmantè sou video yo. Sit la se pou nou li ye e opinyon nou konte. Pou fasilite nou, nou pa bezwen enskri ankò pou nou ka fè komantè. Donk tanpri, fè nou konnen sa nou panse de video yo.

Menm si enskripsyon an pa nesesè ankò pou nou kòmante, li toujou itil. Li pèmèt nou jwenn rezime nou fè chak semenn la e se sèl moun ki enskri kap jwenn fim sinema yo lè nou pibliye yo. E enskripsyon an gratis!

Poukisa nou ta dwe panse fè yon don a site nou a.

Posted on: 17:23
2 comments so far (is that a lot?)

Sa fè kèk mwa kounye a ke nou te kòmanse mennen sou sit sa fim ak video ki soti nan plizyè kategori men ki tout gen rapò ak peyi Dayiti. Repons nou te trè pozitif e anpil nan nou montre angajman yo ak sipò yo. Nap mete plis video toujou chak semenn e nou panse tou pibliye fim sinema anvan lontan.

Pou nou menm isit la, tout sa te reprezante (e reprezante toujou) anpil travay, pou chwazi video yo, pou transfere yo a pati de sipò ki pafwa pa menm ekziste ankò epi pou voye yo sou sit la. Trafik la vin chak jou pi plis, sa vle di ke nou dwe ajoute sou kapasite nou pou nou kapab gen plas pou yon katalog ki gen chak jou plis fim. M pa bezwen di nou ke tout sa gen yon pri.

Nou tout ka wè ke sit la vann piblisite, e petèt se pa pi bon bagay, men nan moman nap pale a sa kouvri apenn frè ebèjman nou. Se poutèt sa nou genyen ti fenèt sa (ki gen dwa byen nwizib) ki parèt a chak fwa yo poz youn nan video nou yo e ki pèmèt ou ak kèk klik fè yon don. Se ou menm vizitè, si ou apresye efò ak travay la, ki dwe kontribiye pou ede nou kontinye epi amelyore. Piti konl piti (li gen dwa menm pri yon hamburger), nap apresye kontribisyon ou e lap ede nou konstri yon pi bon sit. Davans mwen di nou tout mèsi.

Magazen an louvri kounye a

Posted on: 20:50
No comments yet

Nou kontan anonse ke magazen a louvri kounye a e li ofri yon gwo seleksyon fim sou Ayiti ki sou DVD ak tou anpil fim sou kilti afwo-ameriken. Nou gen tou yon gwo chwa fim ki an franse epi tou mizik ayisyen.

Pou ede nou amelyore eksperyans nou sou entènèt nou ofri anpil odinatè ak laptòp epi anpil akseswa enfòmatik.

Finalman nou pwopoze tout moun ki anvi vin reyalizatè oswa tout moun ki renmen bon son ak bon imaj kamera ak ekipman elektronik ki pi pèfòman ki disponib sou mache a.

Nou espere wap kontan achte lakay nou. Ou ka vizite magazen a isit.

Byenvini sou FilmHaiti.com

Posted on: 00:34
No comments yet

Byenvini sou FilmHaiti.com. Objektif sit sa se fè ou wè fim ak video sou Ayiti nan div`es kalite ak kategori. Sit la fèt nan twa lank e ou ka enskriw pouw patisipe pi byen. Pwojè a nan faz tès li, kidonk nap tann reaksyon ak kòmantè.