FilmHaiti.com » Blog Archive » Poukisa nou ta dwe panse fè yon don a site nou a.

Poukisa nou ta dwe panse fè yon don a site nou a.

Posted on: 17:23

Sa fè kèk mwa kounye a ke nou te kòmanse mennen sou sit sa fim ak video ki soti nan plizyè kategori men ki tout gen rapò ak peyi Dayiti. Repons nou te trè pozitif e anpil nan nou montre angajman yo ak sipò yo. Nap mete plis video toujou chak semenn e nou panse tou pibliye fim sinema anvan lontan.

Pou nou menm isit la, tout sa te reprezante (e reprezante toujou) anpil travay, pou chwazi video yo, pou transfere yo a pati de sipò ki pafwa pa menm ekziste ankò epi pou voye yo sou sit la. Trafik la vin chak jou pi plis, sa vle di ke nou dwe ajoute sou kapasite nou pou nou kapab gen plas pou yon katalog ki gen chak jou plis fim. M pa bezwen di nou ke tout sa gen yon pri.

Nou tout ka wè ke sit la vann piblisite, e petèt se pa pi bon bagay, men nan moman nap pale a sa kouvri apenn frè ebèjman nou. Se poutèt sa nou genyen ti fenèt sa (ki gen dwa byen nwizib) ki parèt a chak fwa yo poz youn nan video nou yo e ki pèmèt ou ak kèk klik fè yon don. Se ou menm vizitè, si ou apresye efò ak travay la, ki dwe kontribiye pou ede nou kontinye epi amelyore. Piti konl piti (li gen dwa menm pri yon hamburger), nap apresye kontribisyon ou e lap ede nou konstri yon pi bon sit. Davans mwen di nou tout mèsi.

Leave a Reply