FilmHaiti.com » Blog Archive » FilmHaiti.com premye anivèsè

FilmHaiti.com premye anivèsè

Posted on: 09:53

Alòs premye janvye 2010 la make kòmansman ane a ak tou kòmansman yon lòt deseni, li make tou premye anivèsè sit sa. Sa fè sèlman yon lane nou te lanse FilmHaiti.com san bri ni twonpèt men ak anpil anbisyon ak rèv. Lè sa nou te konsevwa li tankou yon senp platfòm pou prezante achiv ke konpani Video Plus Productions ak Imagine Haiti te akimile pandan plizyè lane men pwojè a te depase objektif sila malgre nou te kontinye kenbe angajman sa. Sit la ofri kounye a yon imaj miltimedia peyi Dayiti a travè divès kategori ki soti nan fim fiksyon rive nan ti fim piblisitè 15 segond pandan lap pase nan fim dokimantè, ti fim kout ak video mizik.

Kantite vizitè a pa sispann ogmante. Yo te plis pase 12000 ki vizite sit la nan mwa desanm sa pandan yo te gade fim yo preske 28000 fwa. Vizitè nou yo soti pou pi fò nan dyaspora ayisyen kap viv Etazini ak Kanada. Ak siksè sa, nou vin gen plis bezwen tou. Sèvè nou yo dwe gen kapasite pou bay plizyè jigabit chak mwa e yo dwe tou sèvi kliyan ki soti tout kote sou latè a.

Nan lane 2010 nou pwal angrese kèk kategori ki piti toujou tankou kategori fim fiksyon an. Nou pwal pwodwi kèk fim (sitou dokimantè ak fim kout) espesyalmann pou sit la e nap kapab wè yo sèlman isit la.

FilmHaiti.com ofri vizitè li yo fim ki orijinal, ki varye e ki gratis sa ki mande enplikasyon anpil resous materyèl ak moun. Nap fè sa nou kapab pou nou toujou kontinye wè tout fim yo gratis. Men fòk nou di tou ke kanpay donasyon nou a pat bay gwo rezilta nan lane ki sot pase a. Konsekans la se ke nap blije kenbe piblisite yo sou site la ane sa e yo kapab menm ogmante. Nou ta pito ke kontribisyon pa nou anpeche nou rive la.

Tout jan nap kenbe angajman nou pou nou mache ansanm ak fim ki, nou espere sa, ak kapab nan menm okazyonn an fè nou plezi epi edike nou.

3 Responses to “FilmHaiti.com premye anivèsè”

  1. FilmHaiti.com 1st anniversary | FilmHaiti.com | Drakz News Station Says:

    [...] FilmHaiti.com 1st anniversary | FilmHaiti.com Share and [...]

  2. mark Says:

    Its first anniversary of filmhaiti, Its 2010, but for the people of Haiti this year has started with a nightmare - Earthquake with a magnitude of 7

  3. jiji lafeuille Says:

    I suggest that we start talking abouT the actors’lives on this site to encourage more people to visit it. put some products also to order on line. ou konnin ti peup la rinmin zin.good look! be more successful.

Leave a Reply