FilmHaiti.com » Blog Archive » Replik
div id="fb-root">

Replik

Posted on: 08:36

Tout moun ki vizite souvan sit sa pa manke remake pa gen okenn chanjman ki fèt depi nou te selebre premye anivèsè nou e depi ti modifikasyon nou te fè lè sa sou Filmhaiti.com. Pa gen okenn nouvo video, okenn nouvo fim. Nou tout konnen 12 janvye 2010 yon tranbleman tè te mete plat atè kapital peyi Dayiti Pòtoprens. Tankou plizyè milye lòt moun nou te sinistre tou. Malgre okenn nan nou pat pèdi lavi, nou fè anpil pèt nan materyèl : lokal nou ki sakaje, ekipman ak achiv ki andomaje. Sit entenèt la te rete aktif men nou pa kapab mete nouvo materyèl sou li menm jan nou te konn fèl avan. 100 jou apre deblozay la nap eseye reprann men sa pwal pran tan e lap difisil tou.

Nou dwe remèsye tout sila ki ak don yo te soutni nou nan moman difisil sa yo. Plis ke avan don sa yo menm si yo piti vin nesesè. Avan katastròf la nou te mete vyann nan kategori fim fiksyon nou a e nou te pwomèt anpil nouvote pou ane kap vini a. Nou te anvisaje tou pwodwi fim ak video espesyalman pou sit la. Plan sa ka bwè dlo si nou pa rive finansel. Reklam yo pèmèt nou ret prezan sou nèt la men yo paka poukont yo pèmèt nou devlope. Si nou panse ke pwojè sa merite ke nou apiyel, fè ti jès sa ki ap pèmèt li vanse. Nap jwenn yon fòmilè pou fè don nan fen chak grenn nan video nou yo. Nou ka tou pou sipòte nou achte youn nan divès pwodwi ki disponib nan magazen nou a.

Nan yon lòt aspè nou aprann ke kèk nan vizitè nou yo (yon minorite) gen pwoblèm pou yo vizyone video nou yo. Solisyon an pwal vini prese prese. Nan moman an yo ka toujou eseye sèvi ak yon lòt navigatè pou yo monte sou sit la. Pa bliye pataje video ak fim nou renmen yo ak zanmi ak konesans nou genyen sou sit sosyal tankou Facebook, Myspace, ak Tweeter. Gen anpil zouti sou chak paj video pou fasilite nou.

Nou redi yon fwa ankò nou dispoze sèvi nou ak tout kè nou menm nan moman difisil. Ak èd nou, nap kontinye vanse.

Komante

komante

Rekomandasyon